AYITI/KIDNAPIN: PASTÈ LEGLIZ « CENTER » NAN DÈLMA KIDNAPE

Pastè legliz « Center », Jean Féret Michel, kidnape maten dimanch twa (3) oktòb 2021 an, nan moman dewoulman legliz la, daprè enfòmasyon ki rive nan redaksyon Echo Jounal.

Legliz « Center » twouvel nan Dèlma 29, selon kèk temwen kidnapè yo te abiye ak inifòm inite depatmantal mete lòd (UDMO), ki se yon kò nan Lapolis la. Sous la, konfime pastè Jean Féret Michel kidnape nan moman li tap adore nan legliz la.

N ap siyale, plizyè òganizasyon sendikal, politik ak nan sosyete sivil la anonse yon jounen grèv pou demen lendi kat (4) oktòb 2021 an.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …