AYITI/KILTI: FRÈ GABE FIKSE DAT AK LÈ LAP RETIRE LINÈT LA NAN JE LI

Rapè ayisyen kap evolye nan sektè evanjelik la, frè Gabe, anonse sou twitè lap retire linèt la nan je li mèkredi 13 oktòb 2021 a 3 zè  nan apremidi._

Atis ayisyen nan milye evanjelik la ki te toujou gen yon linèt nwa nan je li tout kote li pase rele frè Gabe. Linèt la ap resi retire, daprè enfòmasyon rapè a li menm mete deyò sou kont twitè li.

 » Mèkredi 13 oktòb sa a 3 zè map retire linèt la », ekri sevitè Bondye a, frè Gabe, ki se youn nan rapè ayisyen kap evolye nan sektè evanjelik la.

Rapè evanjelik e konsyan, frè Gabe, daprè anpil moun se youn nan atis nan sektè lap evolye a ki toujou ap konsyantize moun kap suiv li yo pou yo bay moun valè epi respekte moun.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …