AYITI/ KILTI : SOUP JOUMOU KLASE NAN LIS PATRIMWÀN IMATERYÈL IMANITE

Komite patrimwàn kiltirèl UNESCO mete soup joumou nan lis reprezantativ patrimwàn imateryèl limanite jounen jedi 16 desanm 2021.

Istorik. Malgre sityasyon difisil peyi Dayiti ap fè fas sou plan politik e ekonomik, Kilti ayisyen an ap make pwen sou sèn entènasyonal la. « Komite patrimwàn kiltirèl imateryèl la deside mete soup joumou nan lis reprezantativ patrimwàn imateryèl limanite », ekri sou kont twitè UNESCO.

Nan kilti ayisyen an, soup joumou senbolize linite e se pa kounya, men se depi zansèt nou yo t ap pwoklame endepandans peyi a nan vil Gonayiv 1 janvye 1804. Li se yon soup tradisyonèl ki ap taye banda nan sosyete a depi digdantan ki fèt ak joumou, legim, vèmisèl, vyann elatriye.

N ap raple, soup joumou an tou senbolize idantite, sa vle di makfabrik pèp ayisyen an ak koyezyon sosyal.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …