AYITI KOMEMORASYON: SENATÈ YOURI LATORTUE YON GRAN ABSAN NAN SEROMONI 215 YÈM ANIVÈSÈ ENDEPANDANS PEYI A NAN GONAYIV

Nan kad seremoni 215 zyèm anivésè peyi dayiti ki selebre Gonayiv Ayè premye janvye a Sénatè Youri Latortue pat reponn prezan nan mès la ni li pat prezan sou estang ofisyèl la malgre senatè Carl Murat cantave, senatè Garcia Delva,depite Guy Jacob Latortue,2 prezidan 2 Branch palman yo te prezan sou estang lan.

Senatè Latortue fè konnen li pran pozisyon sa se akoz li konstate peyi a pap gouvène ,lavi chè ak ensekirite ap vale teren e gouvènnman pa gen kapasite estope yo.

Prezidan komisyon antikoripsyon nan Sena a ale pi lwen pou di ,li patap konfòtab poul ta chita tèt a tèt ak sèten moun ki nan pouvwa a akoz ankèt lap mennen pami yo Sou madanm chèf leta Madam Martine Moise nan kesyon demalòg la.

Youri Latortue fè konnen jès sa se yon sinyal klè li voye bay prezidan jovenel Moise kidi mete kayel o pwòp San pèdi tan, e di gen bagay ki pap mache sitou pako gen ankenn siy ki montre gen volonte Pou fè avanse jijman Sou dosye PETWO KARIBE a kwè toutotan pagen koreksyon ki pote li ap kontinye absan nan tout aktivite egzekitif la ap òganize menm sil poko nan opozisyon jiskaprezan ansanm ak pouvwa sa ki se PHTK atravè chef leta lite ride rive sou pouvwa kòm prezidan peyi a.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …