AYITI / KONSTITISYON : KOMITE KONSILTATIF ENDEPANDAN PREZANTE DEZYÈM « DRAFT » NOUVO KONSTITISYON AN.

Manm komite konsiltatif endepandan (MCCI) a, nan yon konferans pou laprès mèkredi dis nèf (19) me 2021 an prezante dezyèm « draft » pwojè nouvo konstitisyon an bay popilasyon an.

Prezidan komite konsiltatif endepandan mèt Boniface Alexandre, fè konnen komite a pote koreksyon epi pran plizyè rekòmandasyon ki te fèt nan chanjman kèk atik nan pwojè konstitisyon an, ansyen prezidan pwovizwa ki presize yon lòt fwa manm komite konsiltatif endepandan an pap travay pou okenn gwoup men pito nan enterè popilasyon an.

Sou bò pa yo, de (2) lòt manm komite a Monard Jean ak Louino Pierre, deklare yo pase men nan diferan atik ki te fè anpil deba nan sosyete a sitou atik ki te deresponsabilize fonksyonè Leta yo, aprè egzèsis fonksyon yo. Pilwen de (2) manm komite konsiltatif endepandan di yo pa ekate posibilite pou kontinye pote koreksyon ki prale nan enterè popilasyon peyi d Ayiti.

Nou ap raple, pouvwa anplas la toujou kenbe dat 27 jen 2021 an pou reyalize referandòm lan, konsèy elektoral pwovizwa (KEP) deja kòmanse resevwa materyèl sansib ak non sansib yo.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …