AYITI KORIPSYON/PETROKARIBE: SENA REPIBLIK LA ENVITE DIMITRI VORBE POU VIN BAY DETAY SOU YON SERI DE TWIT LAP FÈ DÈNYE TAN SA YO.

Komisyon etik ak antikòripsyon sena repiblik la envite sitwayen Dimitri Vorbe mèkredi 22 dawout kap vini la.

Patwon sogener a ta dwe bay manm komisyon an detay sou enfòmasyon li te pataje sou rezo sosyal twitter, senmenn pase a , kòmkwa gen gwo otorite nan leta a ki te konn mande lajan anba tab pou pèmèt konpayil ap dirije a benefisye kontra pandan administrasyon Martelly – Lamorthe la.

Prezidan komisyon an , Youri Latortue di li detèmine pou ede lajistis fè limyè sou pase (3) twa milya dola vèt nan lajan petwokaribe a ki fè wout kwochi.

Sogener se youn nan konpayi ki gen kontra ak leta ayisyen pou pwodwi epi distribiye kouran nan zòn metwopolitèn pòtoprens la.

Kervens Louis

Kervenslouis459@gmail.com

+509 44120020

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …