AYITI/KORIPSYON: ULCC LAGE KOUKOUWOUJ DÈYÈ ADMINISTRATRIS RNDDH LA.

ULCC ki se inite kap lite kont koripsyon nan peyi Dayiti lage koukouwouj dèyè administratis RNDDH la Marie Gesly Damas Jean Pierre pou tèt li refize prezante nan biwo ULCC a pou reponn kesyon sou ankèt kap mennen sou yon milyon goud sibvansyon BMPAD te bay RNDDH sou gouvènman Jocelerme Privert a.

Responsab ULCC yo pran desizyon sa apre administratis RNDDH la te boude de (2) envitasyon poul te vin bay detay sou sibvansyon sa. Nap raple sibvansyon sa te fè Marie Yoléne Gille pete pòt pou kite rezo nasyonal kap defann dwa moun nan pou al pran souf nan fondasyon je klere apre nouvèl la te fin tonbe nan laprès.

Selon avi a nenpòt moun ki ta kwaze sou chimen li ti madanm sa yon kote se prese rele lapolis pou mare li. Yon dosye nap swiv!

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …