AYITI/KOVID-19 : MINISTÈ EDIKASYON NASYONAL AK FÒMASYON PWOFESYONÈL ( MENFP) ENTÈDI TOUT GRADYASYON AK FÈT FEN ANE NAN LEKÒL YO.

_MENFP entèdi tou aktivite ki gen pou wè ak gradyasyon,jounen rekreyativ ak fèt fen lane nan tout lekòl anndan peyi a, daprè yon nòt ministè a mete deyò jounen lendi 31 me 2021 an_

Kowona viris la ap layite kò li anndan peyi a dènye tan sa yo. Nan sousi pou pwoteje elèv yo ak tout pèsonèl edikatif yo, ministè edikasyon nasyonal entèdi tout aktivite fèt, jounen rekreyativ ak gradyasyon nan tout lekòl ki sou teritwa Ayiti a.

« Ministè a mande direktè depatmantal edikasyon yo , enspektè yo ak direktè lekòl yo pou yo pran bon jan dispozisyon pou mezi sila yo kapab respekte », daprè nòt la.

Daprè ministè edikasyon nasyonal, chak jou ka kovid-19 yo ap ogmante anndan peyi a se sa ki lakoz otorite yo oblije pran tout mezi nesesè pou limite maladi a.

 

Jackson junior Rinvil

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …