AYITI/ KOVID-19: PREZIDAN KOU KASASYON AN FÈ VWÈL POU PEYI SAN CHAPO

_Mèt René Sylvestre, prezidan konsèy siperyè pouvwa jidisyè e ki se tou prezidan kou kasasyon, mouri nan maladi kowona viris la jounen mèkredi 23 jen an nan lopital Mibalè_ .

Sistèm jistis ayisyen an an dèy. Gen yon gwo mapou ki tonbe. Prezidan kou kasasyon an ki te trape Kovid-19 la sa gen plizyè jou rann dènye souf li nan lopital Mibalè.

Nan wikenn ki sot pase a, anpil enfòmasyon te gentan ap sikile kòmkwa mèt René Sylvestre te gentan mouri. Sa te lakoz sekretarya teknik konsèy siperyè pouvwa jidisyè a te oblije pote yon demanti fòmèl sou dosye sa. Nan pi piti pase 48è apre demanti fòmèl la, prezidan konsèy siperyè pouvwa jidisyè a pèdi batay la fas ak Kovid-19 la.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …