AYITI/KOVID: JOVENEL MOÏSE REYAJI APRE ANSYEN PREZIDAN JEAN BERTRAND ARISTIDE KITE PEYI A POU AL PRAN SWEN KIBA.

Apre ansyen prezidan repiblik la Jean Bertrand Aristide fin kite peyi a pou li kapab al pran swen nan peyi Kiba, prezidan repiblik la Jovenel Moïse kontinye manifeste volonte li pou sipòte ansyen prezidan an nan maladi a.

Nan yon twit, Jovenel Moïse swete Jean Bertrant Aristide bon retablisman epi fè konnen anbasad peyi Dayiti nan peyi Kiba ap kontinye bay ansyen prezidan an tout sipò epi èd lap bezwen.

Nap siyale pwòch ak patizan Jean Bertrand Aristide yo fè chwa pa bay detay sou maladi ansyen lokatè palè nasyonal la.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …