AYITI/KOWONAVIRIS : POU PITI KENZ (15) MOUN MOURI PANDAN TWA JOU NAN PEYI AYITI

Minis sante piblik ak popilasyon an doktè Marie Gréta Roy Clément, fè konnen yo anrejistre kenz (15) moun ki mouri ak maladi kowonaviris la, pou piti twasan de (302) ka kontaminasyon ak swasant sèt (67) ladan yo kouche sou kabann nan tout sant kowonaviris yo nan peyi Ayiti. Doktè Marie Greta Roy Clément, anonse plizyè mezi ak dispozisyon pou kapab limite pwopagasyon pandemi an nan peyi a .

Nan kad konferans pou laprès plizyè manm gouvènman bay jounen lendi venn kat (24) me 2021 an, minis Marie Gréta Roy Clément, fè konnen depi aprè konfimasyon de (2) varyan brezilyen ak anglè kowonaviris la lakoz plizyè ka kontaminasyon ak lanmò ogmante. Pilwen doktè Gréta Roy Clément, mande ak popilasyon an pou respekte tout mezi ak rekòmandasyon otorite nan gouvènman fè yo ak respekte mezi sanitè ak jès baryè yo.

Nou ap siyale, administrasyon Moïse Joseph la, dekrete lendi venn kat (24) me 2021 an, uit (8) jou eta ijans sou tout peyi a ak kouvre fe ki kòmanse dizè (10 è) nan aswè pou rive senkè (5 è) nan maten.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …