AYITI/ ASASINAY:  CHÈF LETA AYISYEN AN JOVENEL MOÏSE ASASINE NAN KOMIN PETYONVIL 

Prezidan repiblik Ayiti a, Jovenel Moïse, asasinen nan lannwit  sis (6) pou louvri sèt (7) jiyè 2021 lakay li nan Pèlerin senk (5) nan komin Petyon vil.

Prezidan repiblik la Jovenel Moïse, asasinen nan lè inè (1è) maten sèt jiyè 2021 an, lakay li nan Pèleren senk (5), li te gen laj senkant twa (53) lane. Ansyen chèf Leta ayisyen an kite fèt venn sis (26) jen nan lane 1968, nan komin Twoudinò, depatman Nòdès.

Ansyen prezidan Jovenel Moïse, te marye ak Martine Marie Etienne Joseph, aprè maryaj yo te fonde yon fwaye kote yo te gen twa (3) pitit kise Jormarlie Moïse, Joverlein Moïse, Jovenel Junior.

Ansyen prezidan Jovenel Moïse, te eli nan eleksyon prezidansyèl 2017, anba banyè pati politik pati ayisyen tèt kale ( PHTK), ak yon pousantaj 55,67 vòt eleksyon sa.

Echo Jounal

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …