AYITI/LANMÒ:GREFYE JIJ ENSTRIKSYON KAP MENNEN ANKÈT SOU  ASASINA JOVENEL MOÏSE LA MOURI

Ernst Lafortune, grefye jij Mathieu Chalatte kap mennen dosye asasina Jovenel Moïse la mouri nan lannuit 11 dawout 2021an. Daprè yon nòt asosyasyon nasyonal grefye ayisyen yo mete deyò, yo fè konnen grefye a mouri apre yon bouch louvri li te gen ak jij Mathieu Chalatte.

Grefye jij enstriksyon kap mennen ankèt sou asasina Jovenel Moïse la pèdi lavi li. Daprè prezidan asosyasyon nasyonal grefye ayisyen yo, mèt Martin Aîné, Ernst Lafortune mouri nan lopital Inivèsite Leta Dayiti.

Viktim nan te afekte nan tribinal premye enstans Pòtoprens, patikilyèman nan kabinè jij ki chaje pou mennen dosye asasina Jovenel Moïse la.

Asosyasyon nasyonal grefye ayisyen yo mande pou komisè gouvènman Pòtoprens lan, mèt Bedford Claude dilijante yon ankèt nan sousi pou konnen otè asasina grefye a epi trennen yo devan lajistis.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …