AYITI/LÈ: GEN YON DAT KI FIKSE POU LÈ NASYONAL LA CHANJE NAN MWA NOVANM NAN

Sekretè jeneral laprezidans lan, Lyonel Valbrun, nan yon nòt li soti jounen 28 oktòb 2021 an fè konnen ak ajan sektè prive e piblik yo lè a ap gen pou chanje dimanch 7 novanm 2021 k ap vini la.

Lè nasyonal l ap gen pou chanje nan mwa novanm nan. » Sekretarya jeneral laprezidans ap raple ajan sektè prive e piblik yo apati dimanch 7 novanm 2021 dispozisyon atik 2 arete prezidansyèl 7 mas 2012 sou lè nasyonal la ap aplike », ekri nan nòt la.

Atik 2 a fè konnen imedyatman dat ki mansyone a rive, » apati 2è nan maten, premye dimanch mwa novanm, lè nasyonal la ap gen pou fè bak de 60 minit ».

28 oktòb, jounen entènasyonal lang kreyol. Pwovèb la se : mache chache pa dòmi san soupe.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …