AYITI/ LIBERASYON: GOUVÈNMAN AMERIKEN AN FÈ DEKLARASYON APRÈ GWOUP GANG « 400 MAWOZO » LIBERE DE (2) NAN DISÈT (17) MISYONÈ YO

De (2) pami disèt (17) misyonè etranje ki se ameriken ak kanadyen jwenn liberasyon yo dimanch 21 novanm lan . « Nou salye enfòmasyon ki fè kwè de (2) nan otaj yo libere an Ayiti », deklarasyon yon pòt pawòl depatman Deta nan New York Times.

Malgre liberasyon de (2) nan disèt (17) otaj yo, pòt pawòl la pa t vle fè twòp deklarasyon. » Nou pa gen lòt deklarasyon n ap fè pou kounya ».

De moun ki jwenn liberasyon yo a rive libere paske yo malad e yo rantre nan laj, daprè jounal ameriken an Miami Herald ki, pi lwen, fè konnen timoun yo toujou nan men kidnapè yo.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …