Nan kad yon pwen de près ki bay ayè jedi 3 oktob 2019 la, pòt pawol LONI an ki se madam Stéphane Dujarric mande aktè konsène yo pou evite fè vyolans nan peyi a epi pou respekte dwa tout moun yon fason pou pèmèt lopital yo, sèvis ijans yo rive fonksyone epi san konte èd imanitè yo ki pou pase al jwenn sa ki pi mal yo.
Nan sans sa òganizasyon nasyonzini lanse yon apèl ak aktè prensipal yo pou gade kal yo yon fason pou yo rive jwenn yon antant nan kriz kap sakaje peyi a
Antretan divès sektè nan opozisyon an kase randevou pou vandredi 3 oktob 2019 la devan anbasad LONI an pou kontinye fè presyon sou Jovenel Moïse pou kite pouvwa a
Poun fini nap raple manda MINIJIS ap rive nan bout li ofisyèlman jou kap 15 oktob kap vini la nan peyi a yon manda kote anpil moun nan popilasyon an ap kesyone ki sa yo te fè avèl yon fason pou yo te rive itil peyi a.
Fulgeance Rikenson.