AYITI/MANIFESTASYON: FIDÈL KATOLIK YO PRAN LARI POU MANDE JOVENEL MOÏSE LAGE PYEL.

Malgre nan dènye minit yo pè yo te vle bay mach la vag, fidèl yo te ensiste e fòse yo pran lari avèk yo jounen madi 22 oktòb 2019 la pou mande prezidan repiblik la kite pouvwa a.

Mach pè yo rive fèt nan kapital la anba gwo presyon ak menas fidèl yo lè pè yo te deside pou bay vag nan mach la akoz yo tap resevwa menas selon kèk enfòmasyon ki tap sikile, yo te vle fè yon mès nan lari a, yon desizyon ki te leve plim sou do fidèl yo ak kèk militan nan opozisyon an ki te lanse anpil pawòl piman bouk kont yo ak anpil menas kote kèk nan moun yo te di yap boule legliz yo ak lekòl kongreganis yo si mach la pa fèt poun repete sa yo sa ki tap di e ki ta pral pouse yo derape ak mach la.

Sete nan yon anbyans louwanj ak lapriyè ke fidèl katolik yo manifeste nan lakou Pòtoprens bib nan men, chaplè poun site sa yo sélman. Yon mach ki rive fè yon pakou san twòp difikilte.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …