AYITI/MANIFESTASYON: PLIZYÈ MILYE MOUN NAN LARI JOUNEN DIMANCH LAN POU RELE CHALBARE DÈYÈ DIKTATI.

Sou lidèchip plizyè branch nan opozisyon an nan peyi Dayiti ak kèk oganizasyon nan sosyete sivil la, plizyè milye moun pran lari nan rejyon metwopolitèn pòtoprens lan pou denonse diktati yo di pouvwa an plas la vle mete sou pye nan peyi dayiti .

Kèk lidè nan opozisyon an tankou Ansyen senatè youry Latortie ak Evalière Beaupland deklare prezans yo se pou denonse fason prezidan jovenel Moïse, ki vle enstore diktati nan peyi a .Opozan ak rejim pati politik ayisyen tèt kale (PHTK), denonse konpòtman kominote entènasyonal la sitou anbasad ameriken an k’ap sipòte chèf leta Jovenel Moïse.

Seri manifestasyon sa yo jounen dimanch 28 fevriye 2021 an , te anonse nan plizyè vil nan peyi a tankou :Okay, mibalè ,okap, gran gwav, elatriye pou denonse veleyite diktatoryal pouvwa an plas la.

 

 

Dieuva Occidor.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …