Plizyè santèn sitwayen manifeste nan vil pò de pè Madi 7 septanm 2021 an pou mande jistis pou 58 yèm prezidan repiblik la.
Mayo nwa ak blan sou yo,pankat nan men,manifestan yo fè vire won nan divès kwen nan podepè. Sou pankat yo divès pawol pou montre enpotans ansyen lokatè palè nasyonal la te gen pou yo tankou « jistis pou Jovenel Moïse, ‘nou mande sekirité ak eleksyon rapid, Martine Moïse nodwès ap tann ou, nan lanmò prezidan nou pap obeyi, nodwès pap pèdi ayopò Jovenel Moïse te pwomet la »
Daprè kèk nan sitwayen ki tap manifeste yo ansyen chèf leta ap toujou rete Yon ewo pou peyi a, pi lwen yo egzije Premye minis Ariel Henry kontinye ak tout travay prezidan te komanse yo.
Marie Wanide Nencha Vernois