AYITI/MANIFESTASYON: YON GWOUP MOUN AP MANIFESTE SOU NON PNH LA JODI DIMANCH LAN.

Jan sa te anonse a yon gwoup moun ap manifeste nan lari Pòtoprens nan non lapolis la jodi dimanch 26 oktòb 2019 la pou mande bon jan tretman ak chanjman nan kondisyon travay polisye yo.

Mach la ki deja kite kafou Awopò ap gen pou rive devan enspeksyon jeneral lapolis la pou al bay yon mesaj a wo grade nan tèt enstitisyon sa selon sa yo di.

Moun yo ki gen nan men yo plizyè pankat ki gen plizyè mesaj tankou « sispann politize lapolis la » « Nou pa mande voye ale », « Nou pa mande rete » « Nou pa nan politik » « Nou gen fanmi » Nou paka peye kay » « Nou bezwen sendika »pou site sa yo.

Manifestan yo ki te an majorite mete mayo blan epi kache vizaj yo, youn nan yo pa aksepte idantifye yo nan mikwo laprès. Kesyon anpil moun ap poze èske se polisye vrèman ki ta pile beton an, èske ta gen polisye pami yo vre? Nou pa gen repons kesyon yo.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …