Stad Sylvio Cator se sèl espas Ayiti genyen ki ka resevwa ekip aletranje yo nan zafè foutbòl, menmsi anpil moun pa bay estad sa a valè parapò ak kapasite li genyen, pa rapò ak movèz eta li, nou sipoze respekte non sa ki se « Sylvio Cator
Depi Ayiti ap gen pou resevwa yon peyi etranje tout moun gentan konnen sou ki teren balon an pral woule, men yo pa konnen istwa teren sa a ki pote non yon gwo potorik gason, ki fè non’l, ki fè valè peyi’l epi ki fè moun pap janm sispann pale de li.
Sylvio Cator fèt nan lane 1900 yon 9 oktòb, nan yon zòn ki rele kavayon, se foutbòl li te konn jwe, li te nan trivoli ak Resin klèb ayisyen avan menm li te ale nan Atletis.
Nan je olenmpik ki tap fèt nan peyi lafrans nan lane 1924, Sylvio Cator ta pral pran meday bronz ,li te fini nan kenzyèm pozisyon nan so an longè epi li te douzyèm nan so an lajè.
Nan lane 1922 li ta pral ranpòte meday lò nan je olenpik (Los Angeles) nan peyi Etazini.
1929 se nan ane sa li ta pral amelyore avèk 3 santimèt li te depase ED Hamm epi li ta pral tou mete yon rekò 7,93 mèt nan so an longè.
Sylvio Cator pat rete la sèlman, li te depite Aken, li te majistra pòtoprens tou nan lane 1946. Prezidan Paul Eugène Magloire se te bon zanmi li.
Gwo potorik gason sa a ta pral mouri 22 jiyè 1952, pou yo te rann omaj avè’l yo te chwazi bay estad la pote non li epi yo te mete foto li sou ansyen biyè 5 goud papye nou an.
Florestal Wilky