AYITI/MERI: YON NOUVO DIREKTÈ NAN TÈT MERI AKEN.

Meri Aken an gen yon nouvo direktè nan tèt li, mesye Edisson Bazelais. Enstalasyon nouvo direktè a fèt vandredi jodi 10 me 2019 la pa majistra Sauvilorme Mathurin. Ansyen responsab kiltirèl Meri vil Aken an ranplase nan pòs sa Prucien Bazelais ki li menm kite peyi a pou l ale aletranje.

Seremoni enstalasyon an dewoule an prezans plizyè notab nan vil la tankou direktè lekòl, enspektris eskolè a, kèk manm nan sektè prive a, kazèk, elatriye.

Majistra an aprè a Josette Mompérousse ki te pran lapawòl nan sikonstans lan egzòte nouvo direktè a pou l pran travay li oserye epi pou l toujou disponib paske san li Meri a ap paralize.

<< Travay la mande tan. Li mande tou disponiblite >>, deklarasyon madanm Mompérousse.

Bò kote nouvo direktè a Edisson Bazelais li fè konnen se ak yon santiman fyète etanke jenn li vini nan fonksyon sa. Li pwomèt li pral travay ansanm ak Konsèy la pou komin nan devlope.

Pi lwen poze mesye Bazelais kesyon sou aksyon li pral poze kòm direktè, ansyen kronikè espòtif radyo Quina reponn li di li pa gen anyen li pral fè pou kont li, l ap gen pou tann Konsèy la pou ba li direktiv epi pou l aji.

Kite nou fè konnen Meri Aken an pat gen direktè depi plis pase 15 mwa. Se aprè yon konkou ministè enteryè reyalize Edisson Bazelais te patisipe li vini direktè administrasyon komininal Aken an.

*Gédéon DELVA,

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …