AYITI/ MOUVMAN: ABITAN NAN KOMIN DÈLMA ESPESYALMAN DÈLMA 30 MANDE LIBERASYON  » KÒMANDAN JEFF ».

Plizyè abitan nan komin Dèlma, kontinye jounen lendi katòz (14) jen 2021 an, pou kontinye mande liberasyon kòmandan Jeff, ki arete depi samdi douz (12) jen an nan komin Dèlma.

Abitan sa yo, ki mande liberasyon ansyen polisye Lamy Enock alyas  » Kòmandan Jeff » selon sa yo fè konnen se yon papa pou zòn Dèlma, pwotestatè yo ki an kòlè mete kawotchou, kakas machin nan zòn Dèlma 19 ak 30 pou egzije liberasyon « Kòmandan Jeff ».

Nou ap siyale, plizyè lòt zòn nan rejyon metwopolitèn lan gen gwo tansyon ki devlope ladan yo pandan jounen an, nan sousi pou pwotestatè yo fè pase revandikasyon yo.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …