AYITI/ MOVETAN : « TANPÈT TWOPIKAL « FRED » TOUNEN YON OND TWOPIKAL  » DAPRÈ METEWO.

Nan yon bilten sant inite idwometewolojik AYITI (UHM), mete deyò nan lannwit onz (11) pou louvri douz (12) dawout 2021 an, fè konnen tanpèt twopikal « Fred » retwograde an yon ond twopikal.

Youn nan previzyonis (UHM) yo, Chrisnette Saint Georges, fè konnen tanpèt « Fred » pèdi nan entansite li sa ki vin fè pou kounye a li desann nan nivo yon ond twopikal epi diminye nan gwo ris ak menas danje li te reprezante pou peyi a. Chrisnette Saint Georges, fè konnen malgre diminye tanpèt « Fred » la, men se pou popilasyon an rete vijilan paske lapli a kapab bay anpil lapli.

N ap raple, ond twopikal « Fred », ki menase kot Nò ki kapab bay gwo lapli sòti lannwit mèkredi pou louvri jounen jedi douz (12) dawout la, kapab lakoz inondasyon.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …