AYITI/NOT: AKI DENONSE NAN YON NOT POU LAPRES ZAK ENSEKIRITE A EPI AN MENM TAN KRITIKE OTORITE YO.

Nan yon nòt pou laprès ki pote dat 9 novanm 2020 an, Ansanm Kont Imoralite (AKI)  pataje soufrans chak fanmi ki frape anba fenomèn ensekirite a sitou fanmi  Évelyne Sincère. Ansanm lan poze tèt li kesyon poukisa minis Edikasyon nasyonal la, Pierre josue Agenor Cadet  pa menm soti yon ti nòt pou kondane oubyen denonse sak rive Evelyne lan ki apèn sot sibi egzamen bakaloreya yo? Èske se paske Évelyne soti nan yon katye popilè ?  anplis li te elèv lise Jak Woumen nan GRAN RAVIN? Eske Minis Cadet gen zantray papa pitit? Se yon seri keksyon nimewo 1 MENFP a sèl gen repons yo.

 »Ansanm Kont Imoralite AKI pataje soufrans a fanmi Évelyne Sincère, yon viktim anplis nan fenomèn ensekirite a, anpil moun estime  ki pote mak fabrik otorite ki plase nan pi wo nivo  leta. Sekestrasyon , vyòl,  asasinay ak fason ravisè yo lage kadav Évelyne sou yon pil fatra, revòlte konsyans tout kouch nan sosyete a. Poutan, aksyon malonèt sa yo  sanble pa vle di anyen pou otorite yo,  soti nan prezidan repiblik la Jovenel Moise  pase pran minis jistis rive sou responsab polis la ,  se dèyè rezo sosyal yo kache pou fè wont sèvi kòlè. Sitou lè nou sonje minis jistis la, Rockefeller Vincent te bay lòd arete yon kad ministè a poutèt li tap manifeste mekontantman li fas ak asasinay  Évelyne lan.

Pou nou menm nan AKI, silans otorite yo devan tablo kap desine la, se prèv leta kontinye ap banalize lavi, sitou sila yo kap viv nan katye pòv yo.

Nou bat bravo pou lapolis ki rive mete mete sou 2 lòt prezime konplis Obed Joseph alyas KIKI nan zak sila a . Menmsi nou te sezi wè se Jimmy Cherizier ki pran plas lapolis lè li anonse, li mete anba kòd   sispèk nimewo 1 zak la, Obed Joseph. Malgre te deja gen  yon avi rechèch dèyè li, sa pat anpeche  ansyen ajan Cimo a, Jimmy Cherisier alyas  Babekyou mennen Obed Joseph alyas KIKI nan sou komisarya pòtay sen Joseph la epi  tounen ale kontinye aktivite li san kè sote.

Pou nou menm nan AKI, tout sa yo se yon lòt fòm asasina ki fèt sou kò ak fyète Évelyne. Pandan nap swete Fanmi Zanmi ak ansyen kamarad li yo nan lise Jak Woumen kouraj, Nap ankouraje epi sipòte tout mouvman ki vize fòse leta a frennen aksyon bandi yon an sosyete a. Nou regrèt Évelyne vin lonje lis viktim machin ensekirite a pote ale: ansyen batonye Monferrier Dorval, etidyan Gregory Saint-Hilaire, viktim lasalin , Gran Ravin , Bèlè elatriye.

Fwa sa a,  Nou menm nan Ansanm Kont Imoralite ,  nap  mande otorite yo espesyalman premye minis Joseph Jouthe , prezidan konsèy siperyè polis nasyonal la,  mande mesye ak zam yo,  dayè li konfime plizyè fwa li konn pale ak yo ,  sispann simen dèy nan mitan sosyete a.

Pou fini , Ansanm Kont Imoralite ap rete vijilan pou swiv evolisyon lajistis nan dosye Evelyne lan, pandan nap kanpe ankwa kont tout grenn 5  kit se  bò kote pouvwa, oubyen  bò kote Opozisyon an ki  panse yo pral sèvi ak kadav Évelyne pou yo fè kapital politik ak ekonomik yo.

Leta pran responsabilite ou pou chak grenn sitwayen Ayisyen rive  Viv nan  yon sosyete kote ki gen  lapè ak trankilite. »

Viv Moralite !!!

Pou otantifikasyon:(509)36 299770 Salomon Nelson ak Denite Alcide /Chenet Joseph .

 

Nelson Salomon.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …