Nan yon nòt pou laprès chèf kilt vodou a ougan Cedral fè konnen peyi pa gen pwoblèm papa Bondye, li pa gen pwoblèm lwa, li pa gen pwoblèm gad ni pwen men li gen pwoblèm konsyans.
Selon nòt la lè nou gen konsyans nap sonje poukisa yo te touye papa nasyon an Jean Jacques Dessalines.
Lè nou gen konsyans nap gade nap wè peyi a pap dirije.
Lè nou gen konsyans nap gade nap wè kraze, brize, piye byen frè nou ak sè nou se pa sa kap rezoud pwoblèm peyi a.
Lè nou gen konsyans nap gade nap wè peyizan yo bezwen ankadreman pou nou ka jwenn manje pou nou manje.
Lè nou gen konsyans nap wè peyi a bezwen bon jan lopital.
Lè nou byen gade nap wè se pèp ki te vote nap wè poun tounen pouvwa a ba yo. Pou nou repete sa ki nan nòt la.
Pou fini ougan an mande pou konsyans lan rive nan gouvènman an, nan opozisyon an e nan kay chak grenn ayisyen pou yo ka wè se nan tèt ansanm yap rive rezoud kriz peyi Dayiti a.