Konsèy ansyen sendika nan ona a soti yon nòt pou tout anplwaye ki nan sendika e ki pa nan sendika pou rezoud pwoblèm eleksyon ki pa janm fèt nan tèt sendika akoz pa janm kapab gen asanble.
Nou manm konsèy ansyen yo ap fè anplwaye yo konnen se menm konsèy ansyen yo swivan atik 16 nan stati a lè kriz Degraff la manda komite a te fini e n pat ka pale nan non anplwaye yo se menm konsèy ansyen yo kite konvoke yon asanble jeneral an ijans nan lokal Telemax pou te mete yon komite pwovizwa selè sa a Matin te vin Prezidan pwovizwa pou òganize eleksyon aprè kriz la jounen jodia pou Chanel Louis fè konnen pa gen lot moun kika konvoke konvoke yon asanble jnl ou bliye rapid ti papa atik ou pale yo lè kriz Degraff la yo pat nan stati a oukwè se menm atik 16 sa a kite fè w vi n sekretè jnl antouka konsèy ansyen yo ap fè tout anplwaye sendike konnen Kamarad Chanel pa gen dwa pran lapawòl nan non amplwaye yo si Chanel kontinye gen lot mezi legal ansanm amplwaye sendike yo ka pran kont li. Malè avèti pa touye kokobe.
Nou mande chak kamarad sendike ki jwenn mesaj sa a voye l bay lot sendike ak non sendike pou yo ka konprann se te yon raketè kap mache ak ti katab li anba bawal monte nan Direksyon Jnl lè maryaj la te bèl pa gen amplwaye kite konnen sa kap regle jounen jodia maryaj la gate anplwaye yo pa bezwen konn afè w. Tout anplwaye konnen se yon ekip raketè kite pran kouvèti Sendika a pou regle zafè yo sou do amplwaye domaj anplwaye yo entèlijan yo gentan wè se yon bann raketè kite pran Sendika a daso.
Se nòt sa konsèy ansyen yo soti jodi lendi 8 avril 2019 la.