Jan anplwaye yo te anonse a, yo kanpe travay nan prèske tout biwo ONA ki genyen nan peyi a tankou Ench, Pòdepè, Kafou, Anèks Pòtoprens, « Petion ville » pou site sa yo.
Anplwaye yo tanmen mouvman sila pou mande direktris jeneral la, Marguerite Berthe Marescot pou siyen chèk avans yo, selon sa anplwaye yo fè konnen yo fè prè sila depi 1e out 2023 jis nan moman nap pale la 12 desanm 2023 yo pa ka jwenn chèk yo, poutan dirèktris la ap siyen chèk pou polisye « Ona Polis », yo menm kap bourike a yo pa ka jwenn chèk yo, pandan pitit yo pa ka ale lekòl, bandi mete yo deyò lakay yo, kay yo bout pou repete kèk nan sa yo fè konnen.
Anplwaye yo ki nan tout kwen nan peyi a mande direktris la pou debloke prè yo prese prese sinon yo ap pase nan lòt etap, selon sa anpil nan yo fè konnen jou kap rantre yo manman pitit mare senti.
Yon lòt bò anplwaye ONA ki nan biwo Kafou yo mande meyè kondisyon travay, selon sa yo fè konnen, yo se biwo ki plis neglije yo pa gen materyèl pou travay, pa gen dlo pou yo sèvi, pa gen kouran pou repete kèk nan revandikasyon yo.
Pilwen anplwaye yo mande pou regilarize ti kat debi yo chak mwa prese prese, yo tou pwofite denonse yon gwoup moun kap fè divèsyon pou kanpe mouvman yo a nan pran pòz yo pral fè eleksyon 22 desanm 2023, yo di non yo pa nan eleksyon se chèk yo yo ap tann.