AYITI PALMAN: ANPIL MENAS POU TA BLOKE SEYANS LAN JODI A NAN PALMAN AN.

Gwoup depite ki nan opozisyon yo menase pou bloke seyans jounen lendi 14 janvye 2019 la  nan palman si prezidan Sena repiblik la Joseph lambert pa mande Depite Printemps Belizaire eskiz avan.

Depite Belizaire kitap entèveni sou radyo Metropole maten Lendi 14 janvye 2019 la anonse ke yap prepare yon repons ak Senatè a sil pa gen tan soti yon ti nòt poul mandel eskiz. Depite a kipat vle devwale ki estrateji yap itilize mande J Lambert mete ògèy de kote, aji vit nan laprès pou evite sa pa vin pi mal.

Pozel kesyon sou konsekans ke sa ka genyen sou imaj palman an, depite a kwè demach yo a se nan lojik pou evite imaj palman vin pi sal.

Depi kèk jou gen yon ti tòchon kap boule ant 2 palmantè yo depi aprè Prezidan asanble nasyonal la te fin deklare se machin depite Belizaire kite pati ak Bandi Arnel pou lapolis pat arete

Gédéon DELVA

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …