AYITI/PANDEMI: DIREKTRIS LOTRI LETA AYISYEN LONJE LAMEN BAY KÈK MOUN KI NAN BEZWEN.

Direktris lotri leta ayisyen an Marie Margareth FORTUNÉ lonje lamen bay kèk moun ki nan bezwen jounen madi 5 me 2020 an nan lokal enstitisyon an ki chita kò li nan zòn Pacot.

Direktris la bay plis ke 150 moun ki nan bezwen pwovizyon alimantè pou ede yo goumen ak grangou an pandan yo rete lakay yo pou evite kontre ak pandemi kowonaviris la kap taye banda nan mond lan e ki deja sou sòl peyi Dayiti a. Direktris la mande ak lòt bwat leta yo pou yo fè menm jan avèk li pou ede popilasyon an ki nan gran bezwen dènyè tan sa yo.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …