AYITI/PANDEMI: SENDIKA OUVRIYE YO  METE DE MEN NAN TET APRE PREMYE MINIS LAN FIN ANONSE KE FAKTORI YO PRAL OUVRI.

Sendika ouvriye yo rele anmwey apre deklarsyon premye minis Joseph Jouthe fè kote li anonse ke faktori yo pral reprann travay pa twò lontan.

Selon yon responsab sendika a ki tap reyaji nan sou deklarsyon an fè konnen se pa reprann travay la ki pwoblèm yo men se kondisyon yo pral travay la ki bay pwoblèm, selon responsab la plizyè santèn moun ap pase nan yon sèl pòt pil sou pil pandan pou konbat kowonaviris la yo dwe evite pou pa gen plis ke 10 moun nan yon lye san konte lòt pwoblèm yap konfwonte.

Nap raple dènye jou sa yo moun yo sispèk ki gen kowonaviris la ap vale teren, moun ki genyen li yo gentan nan yon karantèn, twa (3) moun gentan pèdi lavi yo selon otorite sanitè yo.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …