AYITI/PETWOKARIBE: LA KOU DÈ KONT REMÈT YON RAPÒ KI PA FIN KONPLÈ SOU DOSYE PETWOKARIBE A NAN PALMAN.

Jodi jedi 31 janvye 2019 yon delegasyon ki Gen nan tèt li Pierre Volmar Demesyeux sòti nan Lakou Siperyè dè kont ak Kontansye administratif (CSCCA) pou ale nan Palman an nan lide pou remèt bay prezidan sena a Carl Murat Cantave rezilta ankèt yo te mennen sou kòman lajan petwokaribe a te itilize.

Yon dokiman ki rezime ak anviwon 290 paj selon prezidan delegasyon an Pierre Volmar Demesyeux << se yon rapò ki pa fin konplè , paske gen nan dokiman yo ki pat rive yo jwenn alè>> ,
pou pibliye rapò definitif tout peyi a ap tann lan Avril 2019 k’ap vini la se mwa delegasyon an kenbe pou jis kounye a.

Yon lòt bò Prezidan Sena a Carl Murat Cantave felisite lakou dè kont pou travay si la, epi remèt dosye a bay komisyon Etik ak anti-koripsyon ki gen nan tèt li Senatè Youry Latortue.

 

+50948130891

Sonlymoinius03@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …