Pandan mouvman ayè 17 oktòb 2018 la jounalis yo konnen yon move moman anba men moun ki tap made limyè sou lajan petwo karibe yo.
Plizyè jounalis ki te al kouvri aktivite komemorasyon 212 lane lanmò papa nasyon an Jean Jacques Dessalines nan zòn Machan Dessalines konnen yon move moman ayè aprè midi nan komin Senmak, machin ki tap transpòte jounalis yo resevwa anpil kout wòch ak boutèy.
Jounalis yo rive chape gras ak sipò lapolis ki te fè tout sa ki posib pou te sove lavi jounalis yo ki te pran nan yon anbiskad kote yo pat ni ka moute ni desann.
Pou bilan de (2) nan jounalis ki te nan bus la soti blese.