AYITI/PNH: BERSON SOLJOUR AP PRAN ESKTANSYON SOU EKSTANSYON ANNDAN LAPOLIS LA.

De (2) semèn apre Berson Soljour fin pran tèt direksyon santral lapolis administrativ la (DCPA), direksyon jeneral lapolis la nan lakou peyi Dayiti nome li enspektè jeneral enstitisyon an.

Grad sila ta pral vini nan yon korespondans ki pote dat 23 septanm 2020 an epi siyati direktè jeneral lapolis la Normil Rameau. Nap raple nouvo enspektè a sot viktim anba zak ensekirite apre li te fin fè yon deklarasyon konsènan ti mesye fantom 509 yo, moun yo pat idantifye ta pral mete dife nan yon restoran ke li te genyen nan zòn ri Kapwa.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …