AYITI PNH: CHÈF POLIS LA FÈ YON VIZIT NAN GRAN SID PEYI A.

Direktè jeneral PNH la Michel-Ange Gédéon vizite depatman sid la jou ki te jedi 6 desanm 2018 la. Vizik sa antre nan kad yon seri toune ak enspeksyon DG a ap fè nan tout peyi a epi li te tou pwofite pote soutyen li bay direktè depatmantantal sid PNH la komisè Pierre René François.

Nan yon ti pale DG PNH la tap fè ak polisye yo, li mande yo kontinye travay pou mete tout bandi yo anba kòd san patipri. kòmandan an chèf PNH la ankouraje polisye yo pou itilize profesyonalis ak la lwa nan kad travay yo.

Yon lot bò Numewo 1 polis la te tou pwofite denonse  bandi ame ki pa sispann simen dèy nan kò polis la… kote plizyè polisye deja tonbe anba bal ak manchèt bandi kap simen latwoublay nan nan peyi a dènye tan sa yo.

 

Gédéon Delva/Aken.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …