AYITI/PNH: CHEF POLIS LA VOYE YON MESAJ BAY POLISYE YO.

Apre  lapolis fin mete anba kòd chèf  bandi vilaj de Dye a Anel Joseph jou ki te lendi 22 jiyè 2019 la nan vil Okay  pandan bandi a tal pran swen nan lopital Bòn fen, DG PNH la Michel-Ange Gédéon voye yon mesaj bay tout polisye yo.

Dg a deklare « la force doit être à la loi » li mande polisye yo pou yo fè travay yo san fòs kote nan mare tout bandi kap  simen latwoublay nan peyi a, kèlkanswa nan kan bandi a ta afiche li ye, se bandi yo ki pou pè, li pa bezwen konn si yap travay ni pou Pyè ni pou Jak depi yo anpeche moun fonksyone yap met dlo nan je moun se ba yo kòd e remèt yo bay la jistis.

DG a fè konnen lapolis la fè yon gwo kou pou mwa jiyè a kote yo rive mete anba kòd Anel Joseph youn nan bandi ki bay plis traka nan peyi a dènye tan sa yo, li te menm rive bay lapolis defi.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …