Nan yon konferans pou laprès ayè mèkredi 3 avril 2019 la pòt pawòl lapolis Garry Desrossiers prezante bilan operasyon lapolis la mennen nan peyi a pandan mwa fevriye ak mwa mas 2019 la e tou drese yon bilan sonb tou de enstitisyon PNH la ki rive pèdi 13 polisye nan mwens ke twa (3) mwa.
Lapolis la rive pèdi 13 polisye ki soti nan diferan kò anndan lapolis la anba bal bandi ke moun pa rive idantifye, 15 lòt blese anba bal bandi, senk (5 blese nan aksidan sikilasyon uit (8) lòt blese anba kout wòch nan dènye manifestasyon ki fèt nan peyi a yo selon Garry Desrossiers
Selon pòt pawòl la, lapolis rive mete men sou 500 moun, 379 nan men lajistis, sis (6) transfere nan DCPJ, sèt (7) akize nan zak touye moun yap reponn kesyon DCPJ, 10 lòt pou tantativ touye moun, senk (5) pou vyòl sou timoun de (2) sou granmoun, uit (8) pou zam ilegal, venn kat (24) pou asosyasyon malfektè, twa (3) pou mete dife kriminèl poun site sa yo.
Hubert.emmanuel@ymail.com