AYITI/PNH:LAPOLIS DEMANTI ENFÒMASYON KI FÈ KWÈ YO TE LANSE GAZ AKRIMOJÈN NAN LEGLIZ SENPYÈ KI CHITA KÒL NAN PETYONVIL LA.*

Lapolis nasyonal ayisyen an nan yon kominike pou laprès yo mete deyò jounen 16 avril la, demanti enfòmasyon ki ta fè kwè yo te voye gaz akrimojèn anndan legliz senpyè ki nan Petyonvil_ .

Daprè kominike pou laprès sila, polisye yo te reyaji kont zak vandalis yon gwoup aktivis t ap fè ki te anpeche bon dewoulman mès la.

« Yo t ap pwovoke fòs lòd yo, yo te mete dife nan yon machin ki te kanpe devan meri vil la »daprè  kominike an.

Jackson junior Rinvil

Kredi foto:facebook

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …