AYITI POLIS DRAM: YON POLISYE TIRE SOU DE (2) LÒT POLISYE LAKOZ YOUN MOURI.

Mirwagàn, 2 desanm 2018. Jean ALAIN ak Alexis LIMA, se non 2 polisye ki viktim anba bal Enock FÉDOIT yon lòt polisye ki afekte nan menm komisarya avè yo nan vil ansavo nan deptman nip peyi a pandan yo t’ap sòti nan bwat de nwi.

Sitiyasyon sa te rive nan 11h nan aswè pandan 3 polisye yo te nan wout pou y’al nan komisarya, akoz yo ta pral pran pòs travay yo nan 3h nan maten pou 2 desanm nan.

Nan 2 viktim yo youn mouri e lòt la blese grav anpil.

Responsab (DDN) polis nasyonal la nan depatman nip peyi a, Frantz LEUBOURG fè konnen li pako nouvèl kote Enock FÉDOIT kache kòl apre li te fin tire sou 2 kòlèg li yo.

Jemsley JOSEPH

+5094827-6981

josephjemsley814@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …