Otorite polis nasyonal la, PNH ak anbasadè Etazini a ann Michele Sison ki poze pou yon fot pandan seremoni inogirasyon enstalasyon pano solèy nan Baz polis fwontalyè a nan mòn Kas , nòdès peyi Dayiti , 14 out 2018 la.
Yon delegasyon plizyè otorite nasyonal e entènasyonal patisipe nan seremoni inogirasyon enstalasyon yon sistèm pano solè pou alimante an elektrisite baz polis fwontalyè a poli fwont nan mòn kas ki twouvel nan nòdès peyi Dayiti.
Anbasadè otazini a ann Ayiti Michele Sison , direktè jeneral plis DGPNH Michel-Ange Gédéo , reprezantan òganizasyon entènasyonal pou Migrasyon (OIM) ak manm misyon nasyon zini pou sipòte lajistis Minujusth, te fè deplasman pou seremoni inogirasyon nouvo plant solè sa ki pral bay pwòp, kouran eleltrik renouvlab nan baz PNH la nan mòn kas , kote 110 ajan poli-fwont ap kontwole fwontyè ant ayiti ak repiblik dominiken.
Anbasadè Sison ankouraje koperasyon OIM ak PNH la ansanm ak Minujusth nan lit enstitisyon an ap mennen kont trafik moun sou fwontyè Ayiti ak sen domeng .
Otazini se youn nan peyi zanmi ayiti ki toujou pote sipò e patenaryal Ak enstitisyon polis nasyonal Dayiti a , PNH.
Kervens Louis
Kervenslouis459@gmail.com
+509 44120020