AYITI/POLITIK: 15 MIL DOLA VÈT POU YON LÒT ESPAS POU PALMAN AYISYEN POU 2 MWA SÈLMAN.

Prezidan sena repiblik la Carl Murat Carl Cantave mande ak administrasyon piblik la dekese 15 mil dola ameriken pou lwe yon espas nan yon otèl nan kapital la pou mete biro sena a. Premye pèsonaj sena a pran desizyon sa akoz van ensekirite a kap vale tèren sou bisantnè a.

Pandanl tap reaji sou radyo Caraibes maten vandredi 29 novanm 2019, poze li kesyon sou lavi ti pèsonèl yo ak travay palmantè yo konstitisyon an konfye yo, Mesye Cantave pat twò klè, li pa montre twòp enterè sou lavi ak fonksyon yo.  » Sim jwenn poum fè sa map fèl ankò ». sa se deklarasyon 3zyèm pèsonaj peyi a pou jistifye desizyon li an. Li pouswiv poul di si yon moun rete anba sou bisantnè a se yon chwal fè.

Poukisa otorite yo pa fè pa yon plan pou sekirize zòn Nan? E ti malere ki ap viv nan zòn si la? Yo pa dwe gen sekirite?
Peyi a tonbe nan yon katchouboumbe, grangou ap fè ravaj alòske sena repiblik la pral depanse 15 mil dola ameriken pou 3 biro sou yon peryòd 2 mwa.

Gédéon DELVA

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …