AYITI POLITIK: ANDRE MICHEL TRETE MISYON OEA YO DE TI VAKABON.

André Michel reyaji maten vandredi 21 jwen 2019 la sou misyon OEA ki nan peyi a e ki pa mache nan lojik pou prezidan repiblik la kite pouvwa a avan lè a jan opozisyon an ap mande sa a.

Mèt la ki te move kou kong pa met dlo nan bouch li pou kritike maten an sou radyo Karayib ofisyèl OEA yo li menm trete yo de yon ekip ti vakabon li pap resevwa lòd nan men yo, selon mèt la yo pap pran dikte nan men blan.

Misyon an pwopoze pou fòme yon komisyon endepandan entènasyonal finans pou ta bay sipò ak odit kap fèt sou gaspiyay lajan petwokaribe a nan peyi a ke anpil ap mande rapò sou depans yo.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …