AYITI/POLITIK: ANSYEN PREZIDAN PWOVIZWA JOCELERME PRIVERT MANKE KITE POL NAN RADYO KISKEYA.

Ansyen prezidan pwovizwa nan lakou peyi Dayiti Jocelerme Privert manke kite po li jounen mèkredi 3 fevriye 2021 an pandan li tal pote solidarite li ak Jounalis Liliane Pierre Paul ki pèdi mari li Anthony Babier semèn pase a.

Ansyen prezidan an konnen yon move moman kote kèk militan te atake li epi plat kawotchou machin li, militan sa yo ki te move kou kong se sa yo bliye yo pat di Jocelerme Privert ke yo akize kòm moun ki gen men li tranpe nan zak kidnapin yo akoz se li menm ki koz Jovenel Moïse te rive prezidan selon sa militan yo fè konnen.

Ansyen prezidan an rive kite zòn nan sou gwo eskòt lapolis ki te deplwaye tout fòs yo pou sove lavi Jocelerme Privert anba men militan yo ki te trè an kolè.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …