AYITI/POLITIK: APRE PLIZYÈ ECHÈK LAJOUNEN, OPOZISYON AN VIRE BAGAY YO POU LANWIT.

Altènativ tèt ansanm pou bati Ayiti anonse jounen jedi 2 janvye 2020 an repriz mouvman yap mennen depi kèk tan pou chavire Prezidan Jovenel Moïse sou pouvwa a, men fwa sa se ap chak wikenn. Opozan fawouch ak gouvènman an di yo pran desizyon sila yon fason pou pèmèt timoun yo al lekòl nan mitan semèn nan.

 » fòk tout pitit pèp la retounen lekol 7 janvye 2020 kap vini la nan tout peyi a. « Noupavle pou timoun yo pèdi ane lekol la. » Sa se deklarasyon André Michel ki se pòt pawòl altènativ tèt ansanm pou bati Ayiti a. Òm de lwa a kontinye poul di leta dwe degajel poul bay sekirite, peye pwofesè ak pran tout desizyon pou elèv yo al lekòl nòmalman.

Bò kote pal senatè latibonit Youry Latortue ale nan menm sans ak André Michel. Nan yon tweet li fè sou kont twitè li, palmantè a salye kouraj tout moun kap viv Gonayiv. Lifè yo konnen li fyè de yo.  » 6 janvye timoun nou yo pral lekòl epi mobilizasyon yo ap kontinye chak week end. Se sa nou te kapab li nan menm twit sa a.

Nap souliye prezidan repiblik la Jovenel toujou fèm ak desizyonl. Li pap demisyone. Pou li se sèl dyalòg ki kapab soti peyi a nan sal ye jounen jodia . Nan komansman semèn nan laprezidans deja voye envitasyon bay plizyè gwoup politik pou vin dyaloge ak li nan palè.

Gédéon DELVA

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …