Nan yon kòrespodans biwo Sena ekri kap sikile sou tout rezo sosyo jounen vandredi 4 fevriye 2022 a, Yo atire atansyon gran piblik la sou dat 7 fevriye 2022 a kote yo pran pozisyon yo klè sou date sa ki se 7 fevriye.
Yon lòt kote, tirès sena a mande mouche Ariel Henry pou li tchoula kòl nan tèt primati a paske se te prezidan Jovenel Moïse ki te nonmen li, konstitisyonèlman manda prezidan Jovenel Moïse rive nan bout li 7 fevriye 2022 selon sa ki ekri nan nòt la, toujou nòt la kap pale, mesye bò lanmè yo mande premye minis defakto a poul ligide afè kourant jiskaske yo pran desizyon final.
Pilwen, palmantè yo mande pou sekretè palè a pote echap prezidansyèl la pou yo nan sekretarya sena 7 fevriye granm bonè nan maten.
Nap raple, menm gwoup senatè sa yo te di manda prezidan Jovenel Moïse fini 7 fevriye 2021 lè sa bagay la pat anfavè yo kounyea sa bon pou yo, 10 mesye sa yo di yo pran ak de fen manda prezidan Jovenel Moïse la apati 7 fevriye kap vini la.
Ronald Exavier