AYITI/POLITIK: CHITA PALE ANT PREMYE MINIS POU YON TI BOUT TAN AN AK ÒGANIZASYON DWA MOUN YO.

_Premye minis pou yon ti bout tan an, Claude Joseph rankontre jounen lendi 28 jen 2021 an reprezantan òganizasyon dwa moun yo sou sityasyon sekiritè peyi a, daprè sa laprimati fè konnen._

Alòske ensekirite a chak jou pi plis ap vale teren nan peyi a, chèf primati a, Claude Joseph bò kote pa li chwazi rankontre reprezantan dwa moun yo sou sityasyon sekiritè nan peyi a.

Chita pale sa, daprè laprimati gen 2 objektif : 1) Pou premye minis la pran plis enfòmasyon nan men moun ki ap defann dwa parapò ak ensekirite a ki pa sispann taye banda nan peyi a.
2) Pou premye minis la enplike òganizasyon dwa moun yo nan batay kap mennen kont gwoup gang yo anndan peyi pou lapè kapab retounen.

Depi plis pase plizyè semèn, se avèk anpil kè kase pou popilasyon an travèse rantre sid kapital la, nan nivo matisan nèg ak zam pran an otaj.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …