AYITI/ POLITIK: CORE GROUP LA RANKONTRE AK ARIEL HENRY.

Premye minis Ariel Henry rankontre kominote entènasyonal a travè estrikti ki rele « Core Group » la mèkredi 15 sektanm 2021 an.

Ariel Henry ap konfòte plas li nan tèt peyi a chak jou pi plis ki pase. Chèf gouvènman peyi Dayiti a rankontre Core Group la e nan rankont sa gen anpil pwen ki te diskite.

Daprè responsab primati a, diskisyon yo te chita sou sityasyon jeneral peyi a ak rekonstriksyon penensil Sid la tranbleman tè a te ravaje nan dat 14 dawout 2021 an.

Ariel Henry rankontre Core Group la touswuit apre chire pit li te genyen ak kèk manm nan gouvènman li a.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …