AYITI/ POLITIK : DAPRÈ LAPRIMATI SE YON GWO PA KI FRANCHI NAN ENTERÈ KOLEKTIF LA

_Yon akò politik siyen jounen samdi 11 septanm 2021 an ant premye minis ayisyen an, Ariel Henry ak yon pakèt reprezantan pati politik epi sosyete sivil la.

Daprè laprimati se yon « akò politik istorik pou yon gouvènans apeze epi efikas pandan peryòd enterimè a » , se yon »gwo pa ki franchi nan enterè kolektif la »._

Selon biwo kominikasyon laprimati, aprè yon pakèt rankont ak konsiltasyon, premye minis la gen asirans akò sa ap pèmèt gen amoni ak antant nan sa ki gen pou wè ak fason yo ap mennen « les affaires de l’État ».

« Premye minis la, doktè Ariel Henry salye kouraj, volonte ak sans devwa patriyotik reprezantan pati politik yo ki fè anpil sakrifis pou rekonstriksyon e refonksyonnman tout enstitisyon ki gen nan peyi a », ekri laprimati.

Daprè biwo kominikasyon laprimati a, doktè Ariel Henry, yon lòt fwa, reyafime volonte li genyen pou rann jistis ak ansyen chèf Leta peyi Dayiti, Jovenel Moïse.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Équateur: des attaques armées contre des civils font 14 morts

Deux attaques armées contre des civils ont fait au moins 14 morts dimanche dans une …