AYITI/POLITIK/ELEKSYON: ÒGANIZASYON PÈP K’AP LITE (OPL) PA MACHE NAN LOJIK ELEKSYON POU LANE 2019 LA

Òganizasyon pèp kap lite (OPL)
estime 2019 lan dwe yon lane pou rann kont devann la jistis avan li dwe yon ane elektoral, (Opl) plede an favè rezilta yon vrè dyalòg nasyonal kap gen pou objektif mete sou pye yon gouvènman kote nasyon an ap ka fè konfyans epi ki kapab asire pwosè petwo karibe a.

Edgard Leblanc Fils ki se kòdonatè òganizasyon pèp kap lite fè konnen reyalizayon eleksyon yo anndan peyi an se yon nesesite , OPL pagen pwoblèm ak sa men estrikti politik pou estime dyalog lan dwe vini anvan tout bagay ladan yo eleksyon.

Pou OPL eleksyon pouvwa an plas la , pa sispann fè pwomosyon pou li a pa gen twòp enpòtans nan moman priyorite a se santre yo sou kalite dyalòg la epi ak oryantasyon yap bay dyalòg lan sinon koze koze eleksyon an se ap lave men siye atè.

+50948130891

Sonlymoinius03@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …