AYITI POLITIK : ESKANDAL KORIPSYON, ZAK MALVÈZASYON, DAP PIYANP NAN MERI KOMIN PAYAN .

malvèzasyon, zak koripsyon ak dap piyan sou patrimwan yo  yon seri move zak k ap poze nan komin payan depi byen lontan daprè esplikasyon youn nan majistra an komin payan Ronald Métélus, nan kad yon entèvyou ak Echo Jounal .

Ajan egzekitif enterimè an aprè komin lan denonse premye manm ajan egzekitif enterimè a Jude Brice, k ap travay sèlman pou vin rann komin payan pi pòv.

Majistra an aprè rekondwi a fè konnen se pa de zak koripsyon ak malvèzasyon kavalye li Ajan Egzekitif enterimè premye manm lan ap fè nan komin lan, pami yo meri payan sanse fin vann tout tè ki se byen kominpayan ak Leta ayisyen.

 » haaa! komin payan pa rete anyen ankò, anplwaye nan meri a ak premye manm komisyon egzekitif enterimè a fin vann epi ligide tout tè komin lan, mesye dam sa yo se nonmen moun, revoke moun jan lide yo di yo san respekte okenn nòm lalwa trase.

Kòmamw konprann yon moun ki pa nonmen nan leta k ap siyen dekese lajan nan non meri payan  » , toujou deklarasyon ajan egzekitif an aprè komin lan Ronald Métélus.

Majistra enterimè a ki mande ak egzekitif la pou etire komisyon sa yon ladrès pou komin payan ka rete yon ti byen pou kominote a fas ak fason mesye dam zanmitay, kolibèk premye manm lan ap fè la .

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

AYITI/DINEPA: DINEPA ADRESE LI AK POPILASYON AN.

Nan yon avi ki pote dat 21 janvye 2025 « DINEPA » adrese li ak popilasyon an …